Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 59:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Pa fin touye yo, sinon moun mwen yo ka bliye. Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann, O SENYÈ, boukliye nou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 (12) Pa touye yo pou moun pa m yo ka chonje! Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe. Senyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen.

Gade chapit la Kopi




Sòm 59:11
22 Referans Kwoze  

Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e fè yo bese, vin ba. Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.


ke Li ta voye desandan yo pami nasyon yo, e gaye yo nan peyi yo.


SENYÈ a pou mwen pami sila ki ede mwen yo; Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan sila ki rayi mwen yo.


Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.


Ou te fè nou kon mouton, tankou mouton ki te livre pou manje, epi te gaye nou pami nasyon yo.


Men Bondye va kase fè ou desann nèt; Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou sòti nan tant ou an, Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan


Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.


Gade byen boukliye nou an. Gade sou vizaj onksyone Ou a.


Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt.


Men nou, Mwen va gaye nou pami nasyon yo, e Mwen va rale yon nepe parèt dèyè nou, pandan peyi nou an vin dezè e vil nou yo vin kraze.


Answit nan lè sa a, sila ki nan Juda yo va oblije sove pou ale nan mòn yo, sila ki nan mitan vil yo va oblije sòti, e sila ki andeyò yo p ap pou antre nan vil la.


“Anplis, SENYÈ a va fè nou gaye pami tout pèp la jis soti nan pwent latè pou rive nan lòt la. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, bwa avèk wòch, ke nou menm avèk zansèt nou yo pa t janm konnen.


SENYÈ a va gaye nou pami pèp yo; epi nou va rete pa anpil an kantite pami nasyon kote SENYÈ a bourade nou yo.


“Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo.


Nan jou sa yo, moun va cheche lanmò, e yo p ap twouve l. Yo va anvi mouri e lanmò va sove ale kite yo.


Li te vin rive apre ke konsyans David te twouble li, akoz li te koupe arebò a manto Saül la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite