Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 59:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen; Plase mwen byen wo an sekirite byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (2) Delivre m anba lènmi m yo, Bondye mwen! Pwoteje m pou moun k'ap leve dèyè m yo pa jwenn mwen!

Gade chapit la Kopi




Sòm 59:1
16 Referans Kwoze  

“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”


Epi nan lanmou dous Ou a, fè lennmi m yo koupe retire nèt. Detwi tout sila ki aflije nanm mwen yo, paske mwen se sèvitè Ou.


Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo. Mwen kache nan Ou.


Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo. Anverite, Ou leve m pi wo de sila ki fè rebèl kont mwen yo. Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.


Ke SENYÈ a kapab reponn ou nan jou gran twoub la! Ke non Bondye Jacob la kapab kenbe ou ansekirite an wo!


Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras, paske nanm mwen kache nan Ou. Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache, jiskaske destriksyon an fin pase.


Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo? Èske nou jije san fòt, O fis a lòm yo?


Delivre mwen, O Bondye mwen, nan men a mechan yo, Fè m sòti nan ponyèt a malfektè a ak san pitye a,


Paske li te renmen M konsa, pou sa, Mwen va delivre li. Mwen va mete li byen solid an wo, akoz li te rekonèt non Mwen.


Li va demere nan wotè yo; pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite