Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 55:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Prete zòrèy a lapriyè mwen, O Bondye. Pa kache Ou menm a siplikasyon mwen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (2) Bondye, panche zòrèy ou bò kote m! Koute m non lè m'ap lapriyè! Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou!

Gade chapit la Kopi




Sòm 55:1
16 Referans Kwoze  

Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli; Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.


Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen. Prete zòrèy a lapriyè mwen, ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun.


Pa kache figi Ou de mwen. Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou. Se Ou ki konn sekou mwen. Pa abandone mwen, ni kite m sèl, O Bondye delivrans mwen an.


A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele! Wòch mwen an, pa vin soud devan m, paske si Ou rete silan devan mwen, mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.


Prete zòrèy Ou a pawòl mwen yo, O SENYÈ. Konsidere refleksyon mwen yo.


O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni ba m chatiman nan fachez Ou.


Koute kri mwen, O Bondye. Prete atansyon a lapriyè mwen.


Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an. Konsève lavi m kont laperèz lènmi an.


O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la, Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo, Ou menm ki chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.


O Bondye dèzame yo, pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?


O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen. Prete zorèy Ou, O Bondye Jacob la! Tan


Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen. Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo.


Ou te tande vwa m: pa kache zòrèy W de lapriyè mwen pou sekou, ak kriyè mwen an.


Menm lè m kriye e rele sekou, Li fèmen lapriyè m deyò.


Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo, e zòrèy Li atantif a lapriyè yo; men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite