Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou, e inikite mwen, mwen pa t ankò kache. Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”, epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.
Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen. Inikite mwen yo te fin pran m nèt jiskaske mwen pa t kab wè. Yo plis pase cheve sou tèt mwen. Kè m fin fè fayit.
Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvre nou. Paske nou te peche kontre Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.