3 Bouch mwen va pale sajès, epi meditasyon a kè m va vin konprann.
3 (4) Mwen pral ban nou bon konsèy. Sa ki nan kè m se bagay ki gen sans.
Pawòl mwen yo sòti nan ladwati kè mwen, e lèv mwen pale soti yon kè ki renmen verite a.
Men si non, koute mwen; rete an silans, e mwen va montre ou sajès.”
Kite refleksyon mwen yo fè L plezi. Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.
Lè pawòl Ou antre, li bay limyè. Li bay bon konprann a sila ki senp yo.
Kite pawòl bouch mwen a avèk refleksyon kè m vin akseptab devan zye Ou, O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.
Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès, epi lang li va pale jistis.
Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm. SENYÈ a tande lè m fè apèl Li.
Kè m debòde avèk yon bèl sijè. Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a. Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.
Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo; epi aplike ou a konesans mwen.
Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal.
Kite enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli, pawòl mwen yo poze tankou lawouze, tankou ti gout sou zèb fre, ak lapli k ap farinen sou zèb.