Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 49:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Ou pa bezwen pè lè yon nonm vin rich, lè glwa lakay li vin ogmante.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 (17) Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li.

Gade chapit la Kopi




Sòm 49:16
10 Referans Kwoze  

Alò, Jacob te tande pawòl fis Laban yo ki te vin di: “Jacob te retire tout sa ki te pou papa nou, e avèk sa ki te pou papa nou, li te fè tout richès li.”


Alò, Haman te rakonte yo glwa a richès li, fòs kantite petit li yo, chak moman ke wa a te leve li, e te fè l monte pi wo chèf avèk sèvitè a wa a.


Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.


Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans; Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an, Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.


Poukisa mwen ta gen krent nan move jou yo, Lè inikite a lènmi m yo antoure m?


Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa; men lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.


Mwen va rachte yo soti anba pouvwa a Sejou mò yo; mwen va rachte yo soti anba lanmò. O lanmò! Kote pikan ou yo? O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an? Repantans va vin kache devan zye M.


Nasyon yo va mache pa limyè li. E wa latè yo va pote laglwa nasyon yo ladann.


Konsa, yo va pote laglwa ak lonè a nasyon yo ladann pou yo ka antre.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite