Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 46:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen, malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 (4) Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.

Gade chapit la Kopi




Sòm 46:3
17 Referans Kwoze  

Pou sa, Li te di: “Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.” Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a.


lè Mwen te di: ‘Men la, ou va rive e pa plis; men la vag ògèy ou va rete’?


Kòd lanmò yo te antoure mwen. Flèv mal ki sòti nan peyi a mò yo te teworize m.


Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo, jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an.


Paske mòn yo kapab deplase, e kolin yo ka disparèt, men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou. Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,” di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.


Mwen te gade vè mòn yo, e gade byen, yo t ap souke; tout kolin yo te fè mouvman ale retou.


Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’


Mòn yo fann anba Li; Vale yo fann tankou lasi devan dife, tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.


Mòn yo tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann.


Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch.


Tout lil yo te sove ale, e mòn yo pa t kab twouve.


“Ankò, li te di mwen: “Dlo ke ou te wè, kote pwostitiye a chita a, se pèp yo, foul yo, nasyon yo, ak lang yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite