16 Akoz vwa a sila ki fè m repwòch e ki meprize mwen, akoz prezans lènmi an avèk vanjè a.
Si mwen mechan, malè a mwen! Epi si mwen jis, toujou, menm dwe leve tèt mwen. Mwen chaje ak wont, e byen rekonnesan a mizè mwen.
Konbyen de tan, O Bondye, advèsè a va moke nou ak mo brile? Èske se pou tout tan lènmi an va giyonnen non Ou konsa?
Sonje bagay sa a, O SENYÈ, ke lènmi yo te meprize Ou, e yon pèp ki plen ak foli te refize non Ou.
Fè remet a vwazen nou yo, sèt fwa antre nan vant yo, repwòch avèk sila yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.
Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo, Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo, pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.
Panche zòrèy Ou, O SENYÈ pou tande. Ouvri zye Ou, O SENYÈ pou Ou wè. Koute byen tout pawòl ke Sanchérib te voye pou repwoche Bondye vivan an.