Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 38:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (2) Senyè, pa pini m lè ou fache! Pa kale m lè ou an kòlè!

Gade chapit la Kopi




Sòm 38:1
11 Referans Kwoze  

O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni ba m chatiman nan fachez Ou.


O Bondye, fè vit pou delivre mwen. O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou!


Kòlè Ou vin poze sou mwen. Ou te aflije m ak tout vag lanmè Ou yo. Tan


Ou te konfwonte yo ak egzil; ou te pouse yo ale. Ak souf fewòs Li, Li te chase yo ale nan jou van lès la.


Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman, men ak lanmou dous ki p ap janm fini an, Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.


Korije mwen, O SENYÈ, men avèk jistis; pa nan kòlè Ou, sinon Ou va fè m vin pa anyen menm.


Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. Men m ap fè ou korije fil a mezi; Mwen p ap kite ou san pinisyon.”


SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm e mwen kanpe etonnen nèt. O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo. Fè yo vin koni nan mitan ane yo. Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.


Paske Mwen te pè lakòlè ak chalè mekontantman avèk sila SENYÈ a te fache kont nou pou L te kapab detwi nou an. Men SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite