Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 22:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre. Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 (6) Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pat janm regrèt yo te fè sa.

Gade chapit la Kopi




Sòm 22:5
17 Referans Kwoze  

Yo te twouve soutyen kont yo e Agarenyen yo avèk tout sila ki te avèk yo te livre nan men yo; paske yo te kriye fò a Bondye nan batay la e Li te reponn lapriyè yo, akoz yo te mete konfyans yo nan Li.


Sepandan, Li te gade twoub yo lè Li te tande kri yo.


Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache. Pa janm kite mwen vin wont. Nan ladwati Ou, delivre mwen.


Nan Ou, O SENYÈ, mwen te pran refij. Pa janm kite mwen vin wont.


Israël va sove pa SENYÈ a, ak yon sali ki pou tout tan. Ou p ap vin wont, ni imilye jiska letènite.


Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo, e fi yo kon manman nouris. Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè, pou niche pousyè nan pye ou. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a; sila ki tann Mwen yo p ap vin wont.”


Tout moun ki rive sou yo te devore yo; epi advèsè yo te di: ‘Nou pa koupab, paske se yo ki te peche kont SENYÈ ki se abitasyon ladwati a, menm SENYÈ a, espwa a papa zansèt yo.’


Nebucadnetsar te pale. Li te di: “Beni se Bondye a Schadrac, Méschac ak Abed-Nego a, ki te voye zanj Li pou te delivre sèvitè Li yo ki te mete konfyans yo nan Li, ki te chanje lòd a wa a e ki te sede bay kò yo pou yo pa ta sèvi ni adore okenn lòt dye sof ke Bondye pa yo a.


Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”


Jis jan sa ekri a: “Gade, m ap mete yon wòch nan Sion k ap fè moun bite; yon wòch k ap yon ofans, e sila ki kwè nan Li Menm nan, p ap janm desi.”


Paske sa twouve nan Lekriti sen an: “Byen gade, Mwen poze nan Sion yon wòch byen chwazi, yon wòch kwen prensipal la, e sila ki kwè nan Li a p ap wont.”


Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan.


Konsa, Israël te desann ba akoz Madian, e fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite