9 Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo. Mwen kache nan Ou.
9 Se anba zèl ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, delivre m anba lènmi m yo.
Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ. Mwen te di “Se Ou menm ki sekou mwen, pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”
Mennen nanm mwen sòti nan prizon, pou m kab bay remèsiman a non Ou. Moun ladwati mwen yo va antoure mwen, paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”
Moman mwen yo nan men Ou. Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo, avèk sila ki pèsekite mwen yo.
Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a. Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen.
Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a, a Bondye ki acheve tout sa m mande an.
Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen; Plase mwen byen wo an sekirite byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.
Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.