Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 143:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Epi nan lanmou dous Ou a, fè lennmi m yo koupe retire nèt. Detwi tout sila ki aflije nanm mwen yo, paske mwen se sèvitè Ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Ou renmen m anpil. Fè tout lènmi m yo disparèt. Detwi tout moun k'ap peze m yo, paske se sèvitè ou mwen ye.

Gade chapit la Kopi




Sòm 143:12
10 Referans Kwoze  

O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou. Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an. Ou fin lache kòd mwen yo.


Se pa W mwen ye. Fè m sekou! Paske mwen te chache òdonans Ou yo.


Men Bondye va kase fè ou desann nèt; Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou sòti nan tant ou an, Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan


Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo. Detwi yo nan fidelite Ou.


Paske Li te delivre mwen nan tout twoub. Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.


Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an. Moun ki vèse san e ki bay manti p ap rive fè mwatye nan jou yo. Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.


Si yon moun ta leve kont ou pou kouri dèyè ou e chache lavi ou, nan lè sa a, lavi ou, mèt mwen va mare nan pakèt ak sila ki viv pou SENYÈ yo, Bondye ou a. Men lavi a lènmi ou yo, Li va lanse deyò tankou wòch k ap sòti nan pòch a yon fistibal.


Anplis, David te di: “Jan SENYÈ a viv la, asireman, SENYÈ a va frape li, oswa jou li va rive pou li mouri, oswa li va tonbe nan batay e peri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite