Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 141:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou; lè m leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Se pou lapriyè m moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m leve men m pou m lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.

Gade chapit la Kopi




Sòm 141:2
23 Referans Kwoze  

Nan tan ofrann sakrifis aswè a, Élie, pwofèt la, te pwoche e te di: “O SENYÈ, Bondye Abraham, Isaac avèk Israël la, jodi a, kite li byen rekonèt ke Ou se Bondye an Israël, ke mwen se sèvitè Ou, e ke mwen te fè tout bagay sa yo pa pawòl Ou menm.


Konsa, tout moun ki te tranble sou pawòl Bondye Israël la akoz enfidelite a moun egzil yo, te rasanble kote mwen. Epi mwen te chita dezole nèt jis rive nan ofrann aswè a.


Leve men nou vè sanktiyè a, e beni SENYÈ a.


Tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m kriye a Ou menm pou sekou, lè m leve men m vè sanktiyè sen Ou an.


Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen. Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo. M aptann, m ap veye.


Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv. Mwen va leve men m nan non Ou.


Premye jèn mouton an, ou va ofri li nan maten e lòt jèn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa;


epi lotèl lansan an ak poto pa li, lwil onksyon an avèk lansan santi bon an, ak rido pòtay nan antre tabènak la;


Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.


pandan mwen te toujou ap pale nan lapriyè a— alò, nonm nan Gabriel, ke m te wè nan vizyon oparavan an, te vole rive byen vit kote mwen, e te touche mwen vè lè pou ofrann nan aswè a.


Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, non Mwen va gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Dife te sòti nan SENYÈ a pou brile de san senkant mesye ki te ofri lansan yo.


Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè nevyèm è, lè lapriyè.


Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute.


Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite