Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 139:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Èske m pa rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ? Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Senyè, kouman ou ta vle pou m pa rayi moun ki rayi ou yo! Kouman ou ta vle pou m pa gen degoutans pou moun k'ap leve dèyè ou yo?

Gade chapit la Kopi




Sòm 139:21
12 Referans Kwoze  

Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: “Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou?


Se rivyè dlo menm ki koule sòti nan zye m, akoz yo menm ki pa kenbe lalwa Ou a. TZADHE


Mwen gade moun trèt yo e mwen rayi yo nèt, akoz yo pa kenbe pawòl Ou.


nan zye a sila yon vagabon meprize a, men ki bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo; li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal, e li pa chanje menm;


Mwen rayi asanble malfektè yo, e mwen pa chita avèk mechan yo.


Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo, men nan Bondye, mwen mete konfyans mwen.


Men si ou pa koute sa a, nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a. Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo, akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.


Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.


Lè l te pwoche Jérusalem Li te wè vil la e Li te komanse kriye sou li.


“Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo.


Poutan nou genyen sa a, ke nou rayi zèv Nikolayityen yo, ke Mwen menm, Mwen rayi tou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite