Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 118:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Ou te pouse mwen ak vyolans jiskaske mwen t ap tonbe, Men SENYÈ a te fè m sekou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Yo te ban m yon bourad pou fè m tonbe. Men, Senyè a te pote m sekou.

Gade chapit la Kopi




Sòm 118:13
11 Referans Kwoze  

“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen, men yo pa janm reyisi kont mwen.


Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo. Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.


Montre m yon sign bonte Ou, pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m sekou, e te konsole mwen.


Pa rejwi nou kont mwen menm, O lènmi mwen. Malgre mwen tonbe, mwen va leve ankò. Malgre mwen chita nan tenèb, SENYÈ a va yon limyè pou mwen.


Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kase pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la;


Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”


Si yon moun ta leve kont ou pou kouri dèyè ou e chache lavi ou, nan lè sa a, lavi ou, mèt mwen va mare nan pakèt ak sila ki viv pou SENYÈ yo, Bondye ou a. Men lavi a lènmi ou yo, Li va lanse deyò tankou wòch k ap sòti nan pòch a yon fistibal.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite