Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 104:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Li fè van yo vin mesaje Li. Flanm dife yo se minis Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou.

Gade chapit la Kopi




Sòm 104:4
8 Referans Kwoze  

Pandan yo t ap fè wout yo e t ap prale, men vwala, yon cha dife avèk cheval dife te separe yo de a. Konsa, Élie te monte nan yon toubiyon nan syèl la.


Epi Élisée te priye e te di: “O SENYÈ, Mwen priye, ouvri zye li pou li kapab wè.” Epi SENYÈ a te ouvri zye a sèvitè li pou li te wè. Men vwala, tout mòn nan te ranpli avèk cheval avèk cha dife toupatou te antoure Élisée.


Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj, van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.


Nan mitan kreyati vivan yo, te gen yon bagay ki te sanble ak chabon dife, tankou tòch ki t ap file fè ale retou pami kreyati vivan yo. Dife a te klere e loray te vòltije soti nan dife a.


Zanj lan te reponn mwen. Li te di: “Sa yo se kat lespri a syèl yo k ap prale soti devan Senyè a tout tè a.


Paske Sadiseyen yo di ke nanpwen rezirèksyon, ni zanj, ni lespri, men Farizyen yo rekonèt yo tout.


Èske tout zanj yo se pa lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?


A zanj yo Li di: “Li fè zanj Li yo tounen van, e sèvitè Li yo yon flanm dife”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite