Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 104:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen! O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran. Ou abiye avèk bèlte ak majeste.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Kite m di Senyè a mèsi! Senyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba!

Gade chapit la Kopi




Sòm 104:1
16 Referans Kwoze  

Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo, nan tout kote nan wayòm Li an. Beni SENYÈ a, O nanm mwen!


Kite pechè yo vin disparèt sou tè a, E mechan yo vin pa la ankò. Beni SENYÈ a, O nanm mwen. Bay SENYÈ a lwanj!


Gran se SENYÈ a, dign de lwanj. Grandè Li pa kab fin sonde menm.


O SENYÈ Bondye mwen an, nan Ou mwen kache. Sove mwen de tout sila k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou,


SENYÈ a renye! Li abiye an majeste! SENYÈ a te abiye Li ak fòs. Anverite, mond lan etabli byen solid. Li pa ebranle menm.


Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e yon gran wa pi wo ke tout dye yo.


Tout bèlte ak majeste devan L. Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a.


Li te abiye ak ladwati kon pwotèj lestomak, e ak kas sali a sou tèt Li. Li te mete vètman vanjans kon abiman, e te vlope tèt Li ak zèl, kon manto Li.


Èske yon nonm ka kache kò l yon kote kachèt pou M pa wè l?” deklare SENYÈ a? “Èske Mwen pa ranpli syèl yo ak tè a?” deklare SENYÈ a?”


“Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase. Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita. Abiman Li te tankou lanèj blan, e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach. Twòn Li te briyan akoz flanm yo, e wou li yo te yon dife ki t ap brile.


Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di: “O SENYÈ, Gran Bondye ki etonnan la, ki kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo,


Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite