Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 103:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la, ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk mizerikòd;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen.

Gade chapit la Kopi




Sòm 103:4
15 Referans Kwoze  

zanj ki te rachte mwen de tout mal la, beni jènjan sa yo; epi ke non mwen kapab viv toujou nan yo, e non a zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac. Ke yo kapab grandi vin fè yon gwo pèp nan mitan mond lan.”


Menm jan lès lwen lwès la, Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.


Paske Ou te vin rankontre Li avèk benediksyon de tout bon bagay. Ou te mete yon kouwòn sou tèt li.


SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo. P ap gen nan sila ki kache nan Li yo k ap kondane.


Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ, Ou ki antoure li avèk gras Ou, tankou yon boukliye.


Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò. Ou te anpeche pye mwen glise tonbe, pou m ta kab mache devan Bondye nan limyè a moun vivan yo.


Ou te kouwone ane a avèk bonte Ou. Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la.


Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm pou nanm mwen ke Ou te rachte a.


Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye, e te kouwone li ak glwa avèk lonè!


Alò, mwen te manke gen lapè; men Ou menm ki te kenbe nanm mwen, pou l pa antre nan fòs gwo abim nan, Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.


Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman, men ak lanmou dous ki p ap janm fini an, Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.


Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.


Epi lè Chèf Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.


Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di: “Dign se Ou menm pou pran liv la, e kase so li yo. Paske Ou te touye, e Ou te achte pou Bondye avèk san Ou; lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite