Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Rit 2:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Konsa li te rete pre sèvant Boaz yo pou ranmase jiska fen rekòlt lòj la avèk ble a. Epi li te rete lakay bèlmè li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Se konsa, Rit rete ansanm avèk medam k'ap travay ak Bòz yo. Li t'ap ranmase tèt lòj jouk travayè yo te fin rekòlte tout lòj la ak tout ble a. Li t'ap viv tout tan sa a ak bèlmè li toujou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Konsa, Rit te rete travay bò kote medam sèvant Bowaz yo jiskaske rekòt lòj la te fin i. Li te kontinye travay pou rekòt fwoman an tou. Pandan tan sa a, li te kontinye ap viv ansanm ak bèlmè li.

Gade chapit la Kopi




Rit 2:23
11 Referans Kwoze  

Alò pye koton swa yo avèk lòj la te gate, paske lòj la te fè gwo tèt, e koton swa a t ap boujonnen.


Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l, men yon mokè pa koute repwòch.


Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.


Pierre te anba nan lakou tribinal la. Yon fi ki sèvi nan kay a wo prèt la te vini.


Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”


“Nou va kontwole sèt semèn pou kont nou. Nou va kòmanse konte sèt semèn yo soti nan lè nou kòmanse mete kouto nan grenn sereyal la.


Konsa Naomi te retounen, epi avèk li, Ruth, Moabit la, bèlfi li ki te retounen soti nan peyi Moab la. Yo te vini Bethléhem nan kòmansman rekòlt lòj la.


Naomi te di a Ruth, bèlfi li a: “Sa bon pitit mwen pou ou sòti avèk sèvant li yo, pou kèk lòt moun pa vin tonbe sou ou nan yon lòt chan.”


Alò Naomi, bèlmè li a te di l: “Fi mwen, èske m pa dwe chache sekirite pou ou, pou sa kapab ale byen pou ou?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite