Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 6:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Pa dezire bote li nan kè ou, ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 6:25
10 Referans Kwoze  

Lè Jéhu te vini Jizréel, Jézabel te tande sa. Li te pentire zye li, li te byen dekore tèt li e li te gade deyò fenèt la.


“Mwen te fè yon akò ak zye m; alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?


Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an; ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout, ak yon sèl bout fisèl nan kolye ou.


Anplis SENYÈ a di: “Akoz fi a Sion yo ògeye, mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi, mache ak ti pa kout pou atire zye gason, e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.


Ou menm, O sila ki dezole a, se kisa ou va fè? Malgre ou abiye an kramwazi, malgre ou dekore kò ou ak dekorasyon an lò, malgre ou agrandi zye ou ak penti, se anven ou fè kò ou bèl la. Sila ki renmen ou yo meprize ou. Yo chache lavi ou.


“Anplis, sè ou yo te menm voye pou mesye ki te sòti lwen yo, a sila yon mesaje te voye. Epi gade byen, yo te vini. Pou sa a, ou te benyen kò w, pentire zye ou, e dekore tèt ou ak bijou yo.


men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.


Nou pa pou anvi madanm vwazen nou, e nou pa pou anvi kay vwazen nou, chan li, oswa sèvitè li oswa sèvant li, bèf li, bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen nou.’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite