Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 3:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Chemen li yo byen dous, e tout pa li yo se lapè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 3:17
19 Referans Kwoze  

Louwe SENYÈ a! A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni! Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.


A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen! Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!


Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo, konsi se nan tout richès yo.


Sila ki renmen lalwa Ou yo gen gwo lapè. Pa gen anyen pou ta fè yo chite.


Mwen anvi wè delivrans Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou se gran plezi mwen.


Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo, ke mwen tèlman renmen.


Tout chemen Bondye se nan lanmou dous avèk verite pou sila ki kenbe akò Li yo ak temwayaj Li yo.


Konsa, enb yo va fè eritaj peyi a. Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.


Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan, l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.


Paske, sajès va antre nan kè ou, e konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.


Paske sa va byen agreyab pou ou si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.


Sila ki rete fèm nan panse li yo, Ou va kenbe nan lapè pafè, akoz li gen konfyans nan Ou.


Mwen kreye fwi a lèv yo: “Lapè, lapè, pou sila ki lwen yo, ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di: “Epi Mwen va geri yo.”


Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò a, pou gide pye nou nan chemen lapè a.


Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite