Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li vante gwo bagay. Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti!
Konsa lang lan se yon dife, yon vrè mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.