6 Pa reklame bèl repitasyon nan prezans a wa a, e pa kanpe nan plas a moun pwisan yo;
6 Pa fè grandizè devan wa a. Pa chita nan plas grannèg yo.
O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans. Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè, ni nan sa ki twò wo pou mwen.
Men Moïse te di Bondye: “Kilès mwen ye, pou mwen ta ale kote Farawon, e pou m ta mennen fis Israël yo soti an Égypte?”
Li pi bon pou rete enb nan lespri avèk sila ki ba yo, pase divize piyaj ak moun ògeye yo.
Li pa bon pou bwè anpil siwo myèl, ni li pa bon pou chache pwòp glwa pa w.
Retire mechan an devan wa a, e twòn li an va etabli nan ladwati.
paske li pi bon pou yo di ou: “Vin monte isit la”, olye pou ou ta oblije desann piba nan prezans a prens lan, ke zye ou te wè.
Kite yon lòt moun ba ou lwanj, e pa fè ak pwòp bouch ou. Kite l fèt pa yon ou pa konnen, e pa de pwòp lèv ou.
“Men, lè nou envite, ale chita nan dènye plas la, dekwa ke lè sila a ki te envite nou an vini, li kapab di nou: ‘Zanmi vin pi devan’. Konsa, nou va gen onè nan zye a tout moun ki chita sou menm tab sa a avèk nou.
“Lè nou envite pa yon moun nan yon fèt maryaj, pa pran plas donè paske yon moun pi distenge pase ou kapab deja envite pa mèt la.
Samuel te di: “Èske se pa vrè, ke malgre ou te piti nan pwòp zye pa ou, ke ou te devni gran chèf a tribi Israël yo?