Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 24:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz, e pa bay manti ak lèv ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

28 Pa leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 24:28
24 Referans Kwoze  

SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”


Fo temwen sovaj yo leve. Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen.


Paske san koz, yo te kache pèlen yo pou mwen. San koz, yo te fouye yon fòs pou nanm mwen.


Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan? Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.


Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.


Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen.


Yon temwen fidèl p ap bay manti; men yon fo temwen pale manti.


Yon fo temwen pa prale san pinisyon; e sila ki fè manti a, p ap chape.


Yon fo temwen pa prale san pinisyon; epi sila ki bay manti a, va peri.


Yon fo temwen va peri; men sila ki koute verite a va pale ak letènite.


Tankou gwo baton, nepe, oswa flèch file, se konsa yon nonm ki pote fo temwen kont vwazen li.


se konsa nonm ki tronpe vwazen li an pou di: “Èske se pa blag mwen t ap fè?”


“‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt.


“Lè yon moun peche e aji avèk movèz fwa kont SENYÈ a, epi twonpe pwochen li an sou yon depo lajan oswa yon sekirite ke li te konfye bay li, oswa pa vòl, oubyen li te fè li pa vyòl konfyans,


oubyen, si l te twouve sa ki te pèdi a, te fè manti sou sa ak fo sèman, pouke li peche nan nenpòt nan bagay ke yon moun kapab fè yo;


Li te di: “Poukisa, ki mal Li fè?” Men yo te kontinye rele pi fò: “Krisifye Li!”


“Men yo te fè sa pou pawòl la ta kapab akonpli ki te ekri nan Lalwa pa yo: ‘Yo te rayi Mwen san koz.’


Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.


Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo,


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite