Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 24:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Sila yo, anplis, se pawòl a sajès: Fè patipri nan jijman pa bon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Men lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò. Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 24:23
18 Referans Kwoze  

Pou sa, kite lakrent SENYÈ a rete sou nou. Fè anpil atansyon nan sa n ap fè a, paske SENYÈ a, Bondye nou an, p ap patisipe nan sa ki pa dwat, nan patipri, ni nan lajan ki pase anba tab.”


Èske ou va pran ka pa Li? Èske ou va diskite pou Bondye?


Se kilès ki saj? Kite li bay atansyon a bagay sa yo e konsidere lanmou dous SENYÈ a.


Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.


Panche vè youn moun mechan an pa bon, ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.


Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo; epi aplike ou a konesans mwen.


Montre patipri pa bon, paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.


Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo; Sila ki pridan an, kite li konnen yo. Paske, chemen a SENYÈ yo dwat, e moun ladwati a va mache ladan yo; men transgresè yo va glise tonbe nan yo.


“‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.


“Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”


Nou pa pou gen moun pa nan jijman an; nou va tande moun gwo pwa avèk moun ki manke pwa egal menm jan. Nou pa pou pè moun, paske jijman an se pou Bondye. Ka ki twò difisil pou nou an, nou va pote li ban mwen, e mwen va tande l.’


Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo.


Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.


Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite