19 Pa twouble tèt ou pou malveyan yo, ni fè lanvi pou mechan yo,
19 Pa kite moun k'ap fè sa ki mal fè ou pèdi tèt ou. Pa anvye sò mechan yo.
Beni se nonm ki pa mache nan konsèy mechan yo ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv kòmandman a Bondye mwen yo.
Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.
Paske mwen te gen anvi awogan yo, lè m te wè jan mechan yo te byen reyisi.
Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo, men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
Pa fè anvi a moun mechan, ni dezire pou avèk yo;
Oswa, SENYÈ a va wè l, vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.
Li te pale avèk kongregasyon an. Li te di: “Kite tant a moun mechan sa yo, e pa touche anyen ki pou yo, sinon, nou va vin pote ale ak tout peche yo.”
Konsa, “‘Soti nan mitan yo, e separe de yo’, di Senyè a. ‘Pa touche sa ki enpi. Mwen va akeyi nou.
Pa patisipe nan zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans ekspoze yo.
Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo.