25 Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan; kite fanm ki te fè ou a, rejwi.
25 Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan.
Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.
Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l, ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.
Fis mwen an, si kè ou saj, pwòp kè m va kontan tou.
Ban m kè ou, fis mwen an; kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.
Sèvi ak sajès, fis mwen, e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.
Vwazen li yo avèk fanmi li yo te tande ke Senyè a te montre mizerikòd Li, e yo t ap rejwi avèk li.