Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 23:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Pa bwè twòp diven, ni fè voras nan manje vyann;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 23:20
17 Referans Kwoze  

Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten; nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.


Sila ki renmen plezi, va vin pòv; sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.


Konsa, mete yon kouto sou gòj ou si ou se yon nonm ak gwo lanvi.


Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann; men sila ki fè zanmi ak moun voras fè papa l wont.


Men olye sa, nou fè gwo fèt ak kè kontan, touye bèf, kòche mouton, manje vyann ak bwè diven: “Kite nou fè fèt; paske demen nou va mouri.”


Malè a sila ki leve granmaten yo pou yo ka kouri dèyè bwason fò, sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.


Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,


epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo,


“Pa anpil jou apre, pi jenn fis la te rasanble tout bagay pou te fè yon vwayaj nan yon peyi byen lwen, kote li te gaspiye tout eritaj li a nan yon vi banbòch.


“Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak lèn fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.


Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman.


Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi.


Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a.


Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite