Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 15:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Zòrèy k ap koute repwòch ap viv; zore ki koute koreksyon ap alèz pami saj yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 Moun ki koute lè y'ap rale zòrèy yo pou byen yo va jwenn yon plas nan sosyete moun ki gen bon konprann.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 15:31
14 Referans Kwoze  

Vire sou repwòch mwen an. Gade byen, mwen va vide lespri m sou nou. Mwen va fè nou konnen pawòl mwen yo.


Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan; men sila ki konsidere repwòch la va onore.


Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.


Zye klè fè kè kontan; bòn nouvèl kon mete grès sou zo.


Sila ki neglije disiplin meprize pwòp tèt li; men sila ki koute repwòch ranmase bon konprann.


Yon moun ensanse refize disiplin a papa l; men sila ki aksepte repwòch gen sajès.


Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans; anplis, zòrèy a saj la chache konesans.


Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou kab vin saj pou tout rès vi ou.


Tankou yon zanno an lò ak yon dekorasyon an lò fen se yon repwòch saj nan zòrèy k ap koute.


Li pi bon pou koute repwòch a yon nonm saj pase pou yon moun ta koute chanson a moun san konprann yo.


Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.


Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite