Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 12:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li; men moun dwat la va evite pwoblèm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Pawòl ki sòti nan bouch moun mechan tounen yon pèlen pou yo. Men, moun k'ap mache dwat ap sòti nan tout move pa.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 12:13
21 Referans Kwoze  

zanj ki te rachte mwen de tout mal la, beni jènjan sa yo; epi ke non mwen kapab viv toujou nan yo, e non a zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac. Ke yo kapab grandi vin fè yon gwo pèp nan mitan mond lan.”


David te reponn Récab avèk Banna, frè li, fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, e te di yo: “Jan SENYÈ a viv la, ki te peye racha lavi m soti nan tout twoub yo,


Salomon te sèmante pa SENYÈ a e te di: “Ke Bondye kapab fè m sa e menm plis, si Adonija pa gen tan pale pawòl sa a kont pwòp vi pa li.


Anpil, se afliksyon a moun dwat la, men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.


Li konsève tout zo li yo. Pa menm youn nan yo va kase.


Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo. SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san, ki twonpe moun.


Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo, Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo. Paske se malediksyon avèk manti yo bay.


Detwi yo nan kòlè Ou! Detwi yo pou yo disparèt nèt. Pou Moun kab konnen se Bondye k ap renye sou Jacob, jis rive sou tout latè. Tan


Konsa, yo va chape tonbe. Pwòp lang pa yo va kont yo. Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.


Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la; men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.


Moun dwat la va delivre soti nan twoub; men mechan an va pran plas li.


Lang a saj la gen pou mèt, konnesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.


Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan; e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.


Sila ki veye bouch li ak lang li pwoteje nanm li kont gwo twoub.


Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou, ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.


Li bon pou ou ta kenbe pran yon bagay san ou pa lage lòt la; paske sila ki gen lakrent Bondye a ap vini ak tou de.


Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo.


Tout pèp la te reponn e te di: “Kite san Li sou nou e sou Pitit nou yo!”


Alò Senyè a konnen kijan pou Li delivre moun Li yo de tantasyon, e pou kenbe mechan an anba pinisyon pou jou jijman an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite