Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Oze 7:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Yo tout se adiltè; yo tankou yon fou la ke bos boulanje sispann chofe, depi nan lè l ap petri Pat farin nan, jis rive lè pan an fin leve.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Se yon bann trèt yo ye. Yo pa kenbe pawòl yo. Yo tankou yon fou yo fin chofe byen chofe. Boulanje a fè yo sispann chofe fou a, l'ap tann pat li fin bat la leve anvan li anfounen l.

Gade chapit la Kopi




Oze 7:4
10 Referans Kwoze  

“Paske peyi a plen ak adiltè; paske akoz madichon, peyi a ap kriye. Patiraj nan savann yo fin seche. Y ap kouri nan move chemen e pwisans yo pa pou sa ki dwat.


O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!


O ke m ta gen nan dezè a, yon plas pou moun k ap vwayaje rete, pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an. Pou m kite yo nèt! Paske yo tout se adiltè, yon bann moun trèt.


Yo va manje, men yo p ap gen ase. Yo va fè pwostitisyon, men yo p ap ogmante, akoz yo sispann koute SENYÈ a.


Pèp mwen an mande konsèy a zidòl ki fèt ak bwa yo. Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo; yo te enfidèl a Bondye yo a.


Gen joure ak madichon, vyole konfyans, asasine moun, vòlè, fè adiltè. Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san, e vèse san fè san vèse plis.


Vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen ke yon ti kras ledven fè tout boul pen an leve?


Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite