Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 32:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Moïse te di yo: “Si fis a Gad avèk fis a Ruben yo, tout sila ki te pran zam pou batay yo, va travèse avèk nou lòtbò Jourdain an nan prezans SENYÈ a, e peyi a vin soumèt devan nou, alò nou va ba yo peyi a Galaad la kòm yon posesyon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Li di yo: — Si gason nan branch fanmi Riben ak nan branch fanmi Gad yo janbe lòt bò larivyè Jouden an avèk nou tou pare pou y'al goumen devan Senyè a, lè tout peyi a va anba men nou, n'a ba yo tè peyi Galarad la pou yo.

Gade chapit la Kopi




Nonb 32:29
10 Referans Kwoze  

men nou, nou menm, nou va pran zam tou prepare pou ale devan fis Israël yo, jiskaske nou enstale yo nan plas yo. Pandan pitit nou yo ap viv nan vil fòtifye akoz sila k ap viv nan peyi yo.


Konsa, Moïse te pase lòd konsènan yo a Éléazar, prèt la, a Josué, fis a Nun nan, e a chèf lakay papa zansèt yo, a tribi a fis Israël yo.


Men si yo refize travèse avèk nou avèk zam yo, yo va genyen posesyon yo pami nou nan peyi Canaran.”


Moïse, sèvitè SENYÈ a, ak fis Israël yo te bat yo. Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, kòm posesyon.


epi Galaad ak teritwa a Gechouryen yo avèk Maakatyen yo, tout Mòn Hermon an ak tout Basan jis rive Salca;


Paske Moïse te bay eritaj la a de tribi avèk mwatye tribi lòtbò Jourdain an. Men li pa t bay yon eritaj a Levit ki te pami yo.


Paske Levit yo pa gen pòsyon pami nou, akoz pozisyon prèt SENYÈ a se eritaj pa yo. Gad avèk Ruben avèk mwatye tribi Manassé a, osi, te resevwa eritaj vè lès, lòtbò Jourdain an, ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te ba yo.”


Fis a Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te retounen kite fis Israël yo nan Silo, ki te nan peyi Canaan an, pou ale nan peyi Galaad, nan peyi ke yo te posede a, selon kòmand a SENYÈ a ki te soti nan Moïse la.


Apre li, Jaïr Galaadit la te leve pou te jije Israël pandan venn-dezan.


Alò, Saül te di a David: “Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite