Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 31:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Moïse te bay taks la, ofrann SENYÈ a Éléazar, prèt la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Se konsa, Moyiz renmèt bay Eleaza, prèt la, tou sa yo te wete pou Senyè a, jan Senyè a te bay Moyiz lòd la.

Gade chapit la Kopi




Nonb 31:41
14 Referans Kwoze  

Alò, fis Israël yo te ale fè sa, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an, konsa yo te fè.


Tout ofrann a don sen yo, ke fis Israël yo ofri bay SENYÈ a, Mwen te bannou yo, avèk fis ou yo ak fi ou yo ki avèk ou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Li se yon kontra disèl devan SENYÈ a avèk ou avèk desandan ou yo avèk ou.”


Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron: “Gade byen, se Mwen Menm ki te bay ou chaj sou tout ofrann Mwen yo, menm tout don sen a fis Israël yo. Mwen te bay ou yo akoz onksyon an nou resevwa, e a fis ou yo kòm yon dwa ki pou tout tan.


moun vivan yo te sèz-mil (16,000), ladan yo taks SENYÈ a te trann-de (32) moun.


Epi pou mwatye a fis Israël yo, ke Moïse te retire nan men mesye ki te ale nan lagè yo——


Konsa kado a chak moun va pou li; nenpòt bagay ke nenpòt moun bay a prèt la, li va vin pou li.’”


Tout don ki apatyen a kado sen a fis Israël yo, ke yo ofri a prèt la, va pou li.


Ni yon sak pou vwayaj nou, pa menm de chemiz, ni sapat, ni baton; paske yon ouvriye merite soutyen li.


Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.


Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite