Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 3:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Alò, veye byen, Mwen te pran Levit yo pami fis Israël yo olye de chak premye ne, premye bebe a chak vant pami fis Israël yo. Konsa, Levit yo se pa M.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 — Gade non! Nan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen chwazi moun fanmi Levi yo. Mwen pran yo nan plas premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Se pou mwen yo ye.

Gade chapit la Kopi




Nonb 3:12
8 Referans Kwoze  

“Konsakre pou Mwen chak premye ne; premye ne pami fis Israël yo, ni lòm, ni bèt, se pou Mwen.”


Veye byen, se Mwen Menm ki te pran Levit parèy nou yo pami fis Israël yo. Yo se yon don pou nou menm, ki dedye bay SENYÈ a, pou fè sèvis tant asanble a.


Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:


Ou va pran Levit yo pou Mwen—Mwen se SENYÈ a—olye de premye ne pami fis Israël yo; ak bèt a Levit yo olye de tout premye ne nan bèt a fis Israël yo.”


“Pran Levit yo olye de tout premye ne pami fis Israël yo ak bèt a Levit yo olye bèt pa yo. Konsa, Levit yo va pou Mwen: Mwen se SENYÈ a.


Konsa, ou va separe Levit yo soti nan fis Israël yo, e Levit yo va vin pou Mwen.


paske yo te vin pou Mwen nèt soti nan fis Israël yo. Mwen te pran yo pou Mwen menm nan plas a tout sila ki sòti nan vant yo, premye ne nan tout fis Israël yo.


Men Mwen te pran Levit yo nan plas a chak premye ne pami fis Israël yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite