Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 26:62 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

62 Sila ki te konte nan yo te venn-twa-mil (23,000), tout gason soti nan yon mwa oswa plis, paske yo pa t konte pami fis a Israël yo akoz pa t gen eritaj ki te bay a yo menm pami fis Israël yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

62 Lè resansman an, yo te jwenn nan branch fanmi sa a venntwamil (23.000) gason ki te gen yon mwa depi yo te fèt osinon ki te pi gran. Yo pat konte yo ansanm ak rès pèp Izrayèl la, paske yo pa t'ap resevwa okenn pòsyon nan tè ki pou pèp la.

Gade chapit la Kopi




Nonb 26:62
14 Referans Kwoze  

Men Levit yo pa t konte pami yo selon tribi zansèt papa pa yo.


“Sèlman tribi Levi a, nou p ap konte, ni nou p ap fè kontwòl anrejistreman pa yo pami fis Israël yo.


Sila yo se sa ki te konte pa Moïse avèk Éléazar, prèt la, ki te konte fis a Israël yo, nan plèn a Moab bò kote Jourdain an, nan Jéricho.


Tout mesye ki te konte pami Levit yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmand a SENYÈ a, pa fanmi pa yo, tout gason ki te gen yon mwa oswa plis, te venn-de-mil (22,000).


Tout sèvis a fis Gèchonit yo, nan tout chaj ak tout travay yo, yo va fèt selon kòmand Aaron avèk fis li yo. Ou va dirije yo selon devwa yo nan tout chaj yo.


Mesye konte yo te ui-mil-senk-san-katreven (8,580).


Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a.


Sèlman a tribi Levi a, li pa t bay eritaj. Ofrann pa dife a SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan Li te pale yo a.


Men a tribi Levi a, Moïse pa t ba li eritaj. SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan li te pwomèt a yo menm nan.


Paske Moïse te bay eritaj la a de tribi avèk mwatye tribi lòtbò Jourdain an. Men li pa t bay yon eritaj a Levit ki te pami yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite