Neyemi 8:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen15 Konsa, yo te fè pwoklamasyon an, e te pwoklame li nan tout vil pa yo ak Jérusalem. Yo te di: “Ale deyò vè ti mòn yo e pote branch oliv yo, avèk branch oliv mawon yo, branch bwa bazilik yo, branch palmis yo, avèk branch nan lòt kalite bwa ak fèy, pou fè tonèl yo, jan sa ekri a.” Gade chapit la1998 Haïtienne15 Lè yo vin konn sa, yo voye fè piblikasyon nan lavil Jerizalèm ak nan tout lavil yo. Yo voye mesay sa a bay tout moun: — Ale nan mòn. Koupe branch nan pye oliv, nan pye pichpen, nan pye pwadous, ak nan tout lòt kalite pyebwa ansanm ak fèy palmis pou nou fè ti joupa jan sa ekri nan liv la. Gade chapit la |