Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 6:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, lè l te rapòte a Sanballat, Tobija, Guéschem, Arab la, avèk lòt lènmi nou yo, ke mwen te rebati miray la e ke pa t gen brèch ankò ladann; malgre nan moman sa a, nou potko monte pòt nan pòtay yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Sanbala, Tobija, Gechèm, moun peyi Arabi a, ansanm ak tout rès lènmi nou yo vin konnen nou te fin rebati miray la. Pat gen okenn twou ladan l ankò. Men lè sa a, nou pat ankò moute gwo batan pòtay yo.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 6:1
10 Referans Kwoze  

Alò, avan sa a, Éliaschib, prèt la, ki te chwazi dirijan nan chanm lakay Bondye yo, ki te fè aliyans ak Tobija,


Lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan te tande koze sila a, sa te fè yo pa kontan anpil, pou yon moun ta vin chache fè byen pou fis a Israël yo.


Men lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan, avèk Guéschem, Arab la, te tande koze sa a, yo te moke nou, te meprize nou, epi te di: “Ki bagay sa n ap fè la a? Èske nou ap fè rebèl kont wa a?”


Epi Éliaschib, wo prèt la, te leve avèk frè li yo, prèt yo pou te bati Pòtay Mouton an. Yo te konsakre li e te kwoke pòt li yo. Yo te konsakre miray depi nan tou Méa yo jis rive nan tou Hananeel la.


Alò, fis a Senna yo te bati Pòtay Pwason an. Yo te poze travès li yo, e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè.


Jojada, fis a Paséach la avèk Meschullam, fis a Besodia a te repare Pòtay ansyen an. Yo te poze travès li yo, e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè.


Alò, li te vin rive ke lè Sanballat te tande ke nou t ap rebati miray la, li te vin anraje nèt, byen fache e te moke Jwif yo.


Alò, lè miray la te fin rebati, mwen te fin monte pòt yo e gadyen pòtay yo avèk chantè yo avèk Levit yo te chwazi.


“Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite