Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 5:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Anplis, mwen te souke pati devan vètman mwen epi te di; “Se konsa ke Bondye ta souke retire sou chak moun oswa se lakay li, oswa byen pa li, sila ki pa akonpli pwomès sa a; menm konsa pou l ta souke vide.” Epi tout asanble a te di: “Amen!” Epi yo te fè lwanj a SENYÈ a. Konsa, pèp la te fè selon sa yo te pwomèt yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Apre sa, mwen pran ti sak ki te mare nan ren mwen an, mwen vire l tèt anba, mwen souke l, epi mwen di: — Se pou Bondye pran nenpòt nan nou ki pa kenbe pwomès li, pou l souke l konsa tou. Bondye ap pran kay li ak tout lòt byen li genyen, l'ap kite l san anyen. Tout moun ki te la yo reponn: — Amèn! Se sa menm! Se sa menm! Apre sa, yo fè lwanj Senyè a. Se konsa tout pèp la te kenbe pwomès yo te fè a.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 5:13
17 Referans Kwoze  

Wa a te kanpe akote pilye a pou te fè yon akò devan SENYÈ a, pou mache apre SENYÈ a, pou kenbe kòmandman avèk temwayaj li yo avèk règleman li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou akonpli pawòl akò a ki te ekri nan liv sa a. Epi tout pèp la te antre nan akò a.


Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, Pou letènite, jis rive nan letènite a. Tout pèp la te di: “Amen” e te louwe SENYÈ a.


Epi Esdras te beni SENYÈ a, gran Bondye a. Tout pèp la te reponn: “Amen, Amen,” pandan yo te leve men yo. Yo te bese ba pou te adore SENYÈ a avèk figi yo jis atè.


Mwen te sèmante e mwen va konfime sa, Ke m va kenbe òdonans Ou yo.


Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman e peye ve ou yo a Pi Wo a.


Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo. Kite tout sila ki antoure Li yo mennen don a Sila ki merite lakrent lan.


Sila ki abandone lalwa a bay lwanj a moun mechan; men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.


Li pi bon pou pa fè ve pase fè yon ve pou pa peye l.


epi dlo sa a ki pote yon madichon va antre nan vant ou, fè vant ou anfle e fè kwis ou vin pouri e disparèt.” Konsa, fanm nan va di: “Amen, Amen.”


Nenpòt moun ki pa resevwa nou, ni pa okipe pawòl nou, lè nou kite kay sa a, oubyen vil sa a, souke pye nou pou pousyè li pa rete.


Men yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone.


Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a mwen va ale kote pèp etranje yo.”


Otreman, si nou beni nan lespri a sèlman, kijan sila ki okipe plas moun ki san don yo va di “Amen” lè nou bay remèsiman, paske li menm, li pa konnen sa n ap di a?


Epi Samuel te di li: “SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite