Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 3:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Sèvitè tanp ki te rete nan landwa Fimye yo te fè reparasyon yo jis pa devan Pòtay Dlo a vè lès avèk fò pwolonje a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 moute sou bò solèy leve, rive anfas Pòtay Dlo yo, bò fò ki pwoteje Tanp lan. (Tout moun k'ap travay nan Tanp lan te rete nan zòn Ofèl la.)

Gade chapit la Kopi




Neyemi 3:26
13 Referans Kwoze  

Premye moun ki te vin abite ankò nan teritwa sila yo, nan vil pa yo, se te Israël, prèt Levit yo ak sèvitè tanp yo.


Li te bati pòtay pi wo lakay SENYÈ a, e li te bati anpil menm sou miray Ophel la.


Alò, apre sa li te bati miray deyò lavil David la sou kote lwès a Guihon, nan vale a, menm pou rive nan antre Pòtay Pwason an. Li te antoure Ophel la avèk li, e te fè li byen wo, epi li te mete chèf lame yo nan tout vil fòtifye Juda yo.


Alò, tout lòt moun nan pèp la, prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, sèvitè tanp yo ak tout sila ki te separe yo menm soti nan pèp peyi yo pou lalwa Bondye pa yo, madanm pa yo, fis yo ak fi yo, tout sila ki te gen konesans avèk bon konprann yo,


Men sèvitè tanp yo te rete nan ti mòn Ophel la, e Tsicha avèk Guischpa te chèf a sèvitè tanp yo.


Nan Pòtay Sous Bwote a, yo te monte tou dwat sou eskalye lavil David la toupre eskalye miray la anwo lakay David la, pou rive nan Pòtay Dlo a vè lès.


Apre yo menm, Tekoyit yo te repare yon lòt pati pa devan wo fò pwolonje a jis rive nan miray Fimye a.


Konsa, tout pèp la te rasanble kon yon sèl moun nan plas ki te devan Pòtay Dlo a. E yo te pale ak Esdras, skrib la, pou mennen liv lalwa Moïse la ke SENYÈ a te bay a Israël la.


Pou sa, pèp la te sòti e te pote yo pou fè tonèl yo pou yo menm, chak nan twati pla anwo kay pa yo, oswa nan lakou yo, nan lakou lakay Bondye a, nan plas kote Pòtay Dlo a, e nan plas kote Pòtay Ephraïm nan.


Li te li nan liv la devan plas ki te devan Pòtay Dlo a soti granmaten jis rive midi, nan prezans a mesye ak fanm ki te atantif a liv lalwa a.


Paske palè a vin vid, e gran vil plen moun yo vin abandone. Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan, yon plezi pou bourik mawon, yon patiraj pou bann mouton yo;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite