Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 3:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Malkija, fis a Récab la, chèf Beth-Hakkérem nan, te repare Pòtay Fimye a. Li te bati li, e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Se Malkija, pitit gason Rekab la, chèf lavil Bèt-Akerèm lan, ki te rebati Pòtay Depotwa a, li menm ansanm ak pitit gason l yo. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 3:14
9 Referans Kwoze  

Fis a Saül la te gen de mesye ki te kòmandan a bann sòlda yo. Non a youn se te Baana e lòt la te Récab, fis a Rimmon Beéroth yo, ki apatyen a fis Benjamin yo (paske Beéroth te konsidere kòm yon pati nan Benjamin.


Alò, lè li te kite la, li te rankontre Jonadab, fis a Récab ki te vin rankontre li a. Li te salye li, e te di li: “Èske kè ou bon, jan kè m avèk kè ou a?” Jonadab te reponn: “Li konsa.” Jéhu te di: “Si li konsa, ban mwen men ou.” Epi li te pran li fè l monte nan cha li a.


fis a Micaël la, fis a Baaséja a, fis a Malkija a,


Konsa, mwen te fè dirijan a Juda yo vin monte sou miray la, e mwen te chwazi de gran gwoup koral premye ki t ap sòti sou bò dwat anlè miray la vè Pòtay Kolin Fimye a.


Konsa, mwen te sòti deyò nan nwit lan akote Pòtay Vale a, vè Pwi Dragon an, anplis pou rive nan Pòtay Fimye a, e mwen t ap pase fè enspeksyon miray Jérusalem yo, ki te kraze nèt ak pòtay li yo ki te manje pa dife.


Akote yo, Rephaja, fis a Hur la, chèf a mwatye nan distrik Jérusalem nan, te fè reparasyon yo.


“Pran flit pou sove, O fis a Benjamin yo! Sòti nan mitan Jérusalem! Soufle yon twonpèt Tekoa e leve sinyal la sou Beth-Hakkérem, paske malè ap veye nou soti nan nò, yon gwo destriksyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite