Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 2:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Mwen te pase rive pi lwen nan Pòtay Sous Bwote a, avèk Dlo Etan a Wa a; men pa t gen kote pou bèt mwen an pase.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Mwen vanse pi devan, mwen vire sou bò nò. Mwen pase devan pòtay Fontenn lan ak Rezèvwa Wa a. Lè m rive la, bèt mwen te moute a pat ka jwenn kote pou l pase.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 2:14
7 Referans Kwoze  

Epi wa Assyrie a te voye Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi lè yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal souteren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la.


Alò, tout lòt zèv a Ézéchias yo avèk tout pwisans li ak jan li te fè sous dlo a avèk kanal ki te mennen dlo a nan vil la, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?


Se te Ézéchias ki te bouche sous piwo dlo Guihon yo, e te dirije yo rive nan pati lwès lavil David la. Ézéchias te byen reyisi nan tout sa li te fè.


Nan Pòtay Sous Bwote a, yo te monte tou dwat sou eskalye lavil David la toupre eskalye miray la anwo lakay David la, pou rive nan Pòtay Dlo a vè lès.


Schallun, fis a Col-Hozé a, chèf nan distrik Mitspa a, te repare Pòtay Sous Bwote a. Li te bati li, te kouvri li, te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè, avèk miray kote Etan Siloé a toupre jaden a wa a jis rive kote mach pye eskalye ki te desann soti lavil David la.


Apre li menm, Néhémie, fis a Azbuk la, chèf a mwatye distri Beth-Tsur a te fè reparasyon yo jis rive anfas tonm a David yo, rive jis nan etan fèt a lamen avèk kay a mesye vanyan yo.


Mwen te fè gwo basen dlo pou tèt mwen pou awoze yon forè bwa ki t ap grandi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite