Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 13:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Anplis, mesye Tyre yo te rete la e te enpòte pwason avèk tout kalite machandiz, ki te vann a fis Juda yo nan Saba a, menm nan Jérusalem.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Te gen kèk moun lavil Tir ki te rete lavil Jerizalèm pou fè kòmès. Yo te konn pote pwason ak tout lòt kalite machandiz pou yo te vann moun Jida yo jou repo a.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 13:16
5 Referans Kwoze  

Nan jou sa yo, mwen te wè nan Juda kèk moun ki t ap bat rezen nan Saba a, ki t ap fè antre sak sereyal yo, chaje yo sou bourik yo, ansanm avèk diven an, rezen yo, fig yo ak tout kalite chaj yo pou yo te pote yo antre Jérusalem nan jou Saba a. Pou sa, mwen te fè temwen kont yo nan jou ke yo t ap vann manje a.


Pou sa a mwen te bay repwòch a moun prensipal Juda yo epi te di yo: “Ki kalite mal nou ap fè la a, lè nou vin degrade jou Saba a?


men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. Ladann l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.


Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.


men setyèm jou a, se yon Saba a SENYÈ Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay, ni nou menm ni fis nou, ni fi nou, ni sèvitè nou, ni sèvant nou, ni bèf kabwèt nou, ni bourik nou, ni okenn nan bèf nou yo, ni etranje ki vin demere pami nou, pou sèvitè avèk sèvant lan kapab pran repo menm jan ak nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite