Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 13:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Anplis, mwen te dekouvri ke pòsyon Levit yo pa t konn bay a yo menm ki te fè Levit yo avèk chantè yo ki te pèfòme nan fè sèvis yo, ale; yo chak nan pwòp chan pa l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Mwen vin konnen tou pèp la pat bay sa pou yo te bay pou moun Levi yo, kifè moun Levi yo ak mizisyen yo te leve kite travay yo lavil Jerizalèm, yo tounen nan jaden yo.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 13:10
11 Referans Kwoze  

Anplis, li te kòmande moun ki te rete Jérusalem yo pou bay pòsyon ki te dwa a prèt yo avèk Levit yo, pou yo ta kapab dedye pwòp tèt yo a lalwa SENYÈ a.


E ke nou va, osi, pote premye nan pat farin nou yo, kontribisyon nou yo, fwi a tout pyebwa, diven nèf avèk lwil pou prèt yo nan chanm lakay Bondye nou an ak dim tè nou pou Levit yo; paske se Levit yo ki resevwa dim nan tout vil andeyò yo.


Paske, fis Israël yo avèk fis Lévi yo va pote don sereyal la, diven nèf la ak lwil la nan chanm yo. La se zouti a sanktiyè yo, prèt k ap fè sèvis yo, gadyen pòtay yo, ak chantè yo. Konsa, nou p ap neglije lakay Bondye nou an.


Konsa, tout Israël nan jou Zorobabel avèk Néhémie yo te bay pòsyon ki te dwe fèt pou chantè yo avèk gadyen pòtay yo kon chak jou te mande a, e te mete apa pòsyon ki te konsakre a Levit yo; epi Levit yo te mete apa pòsyon ki te konsakre pou fis Aaron yo.


Ou pa t mennen ban Mwen mouton a ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak sakrifis ou yo. Mwen pa t mete gwo fado sou ou ak ofrann yo, ni fè ou fatige ak lansan.


“Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo.


Kòmande fis a Israël yo pou yo bay a Levit yo soti nan eritaj a posesyon pa yo vil pou Levit yo rete ladan. Konsa, nou va bay a Levit yo teren patiraj ki antoure vil yo.


Fè atansyon pou nou pa abandone Levit la pandan tout tan ke nou rete nan Peyi a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite