Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 12:44 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 Anplis, nan jou sa a, mesye yo te chwazi kon responsab sou chanm depo yo, kontribisyon yo, premye fwi yo, ak dim yo, pou ranmase yo antre soti nan chan nan vil yo, pòsyon ki te mande pa lalwa a pou prèt ak Levit yo; paske Juda te rejwi de prèt avèk Levit ki te fè sèvis yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

44 Lè sa a, yo chwazi kèk gason yo mete reskonsab chanm depo kote yo te mete pwovizyon yo, ofrann premye grenn ak premye fwi yo ranmase nan chak rekòt yo, ofrann ladim yo ak lòt ofrann pou moun yo fè pou Tanp lan: Se mesye sa yo ki te gen pou ale nan tout jaden bò lavil yo, pou ranmase sa lalwa te mande pou bay prèt yo ak moun Levi yo. Tout moun peyi Jida te kontan ak travay moun Levi yo ak prèt yo t'ap fè.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 12:44
17 Referans Kwoze  

Paske wòl pa yo se pou ede fis a Aaron yo avèk sèvis lakay SENYÈ a, nan gwo lakou yo, nan chanm yo ak nan pirifye tout bagay sen yo, menm travay a sèvis lakay Bondye a,


Levit yo avèk fanmi pa yo te gen chaj sou trezò lakay Bondye a ak trezò a don konsakre yo.


paske kat chèf gadyen pòtay ki te Levit yo, te nan yon pozisyon konfyans lan e te sou chanm yo ak sou trezò lakay Bondye a.


epi pote lakay Bondye nou an, premye ne a fis nou yo ak bèf nou yo e premye ne nan bann mouton avèk twoupo nou yo, jan sa ekri nan lalwa a, pou prèt ki ap sèvi lakay Bondye nou an.


Beni se moun ki koute mwen an, k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo, k ap veye kote poto pòt kay mwen an.


sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf; yo va monte anwo ak zèl kon èg. Yo va kouri, e yo p ap bouke; yo va mache, e yo p ap fatige.


Konsa, ou va chwazi Aaron avèk fis li yo pou yo kapab ranpli fonksyon prèt yo, men nenpòt lòt moun ki pwoche va vin mete a lanmò.”


si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi,


Li dwe gen pòsyon egal nan benefis pa yo a, menmlè li te resevwa nan kòb vant posesyon fanmi an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite