Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 12:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, sila yo se te prèt avèk Levit ki te monte avèk Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué: Seraja, Jérémie, Esdras,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Men lis prèt ak moun Levi ki te tounen nan peyi a ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye. Men non prèt yo: Seraja, Jirimeja, Esdras,

Gade chapit la Kopi




Neyemi 12:1
22 Referans Kwoze  

Konsa, Josué, fis a Jotsadak la avèk frè li yo, prèt yo e Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk frè li yo, te leve e te bati lotèl Bondye Israël la pou ofri ofrann brile sou li, kon sa ekri nan lalwa Moïse la, nonm Bondye a.


Alò, nan dezyèm ane a, depi yo te rive lakay Bondye Jérusalem nan dezyèm mwa a, Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk Josué, fis a Jotsadak la avèk tout lòt frè pa yo, prèt yo avèk Levit yo e tout moun ki te vini soti an kaptivite pou rive Jérusalem, te kòmanse èv la e te apwente Levit yo ak laj a ventan oswa plis pou sipèvize travay lakay SENYÈ a.


yo te pwoche Zorobabel avèk chèf lakay zansèt yo. Yo te di yo: “Annou bati ansanm avèk nou, paske nou, kon ou menm, ap chache Bondye pa ou a. Nou t ap fè sakrifis a Li menm soti nan jou a Ésar-Haddon, wa Assyrie a, ki te mennen nou monte isit la.”


Konsa, Zorobabel fis a Schealthiel la avèk Josué te leve, e te kòmanse rebati lakay Bondye ki Jérusalem nan, ansanm ak pwofèt Bondye yo ki te avèk yo pou bay yo soutyen.


Kèk nan fis Israël yo avèk kèk nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, ak sèvitè tanp yo, te monte Jérusalem nan setyèm ane a Wa Artaxerxès la.


Soti nan Levit yo, kèk nan divizyon Juda yo te rete nan landwa Benjamin an.


Josué te vin papa a Jojakim, Jojakim te fè Éliaschib, Éliaschib te fè Jojada,


Amaria, Malluc, Hattusch,


moun ki te vini avèk Zorobabel yo, Josué, Néhémie, Azaria, Raamia, Nachamani, Mardochée, Bilschan, Mispéreth, Bigvaï, Nehum, Baana. Kantite mesye nan pèp Israël yo:


Nan dezyèm ane Darius, wa a, nan premye jou sizyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vini pa pwofèt Aggée a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda, e a Josué, fis la a Jotsadak la, wo prèt la. Li te di:


Konsa, Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak tout retay a pèp la, te obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye yo a, e pawòl a Aggée yo, pwofèt la, akoz se SENYÈ a, Bondye yo a ki te voye li. Epi pèp la te montre lakrent pou SENYÈ a.


Konsa, SENYÈ a te twouble lespri Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, lespri Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak lespri retay pèp la; epi yo te vini travay nan kay SENYÈ dèzame yo, Bondye yo a,


“Pale koulye a a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la e a retay a pèp la e di:


Pran ajan ak lò, fè yon kouwòn byen bèl, e mete li sou tèt a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite