Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Matye 8:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men sentiwon an te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Men kaptenn lan reponn li: — Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Lè sa a, ofisye a reponn li: “Senyè, m pa diy pou w antre lakay mwen. Sèlman, di yon mo, epi sèvitè m nan ap geri.

Gade chapit la Kopi




Matye 8:8
18 Referans Kwoze  

mwen pa merite tout lanmou, mizerikòd ak fidelite ke ou te montre sèvitè ou a; paske se sèl avèk baton mwen ke m te travèse rivyè Jourdain an, men koulye a nou vin de konpanyen.


O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo; Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,


Li te voye pawòl Li pou te geri yo, pou te delivre yo sòti nan destriksyon yo.


Paske Li te pale e mond lan te fèt. Li te kòmande e li te kanpe fèm.


“Pran baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.”


“Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife.


Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”


Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman lèp la te vin pwòp.


Jésus Li te di li: “M ap vin geri li.”


Paske mwen menm tou se yon moun anba otorite, avèk sòlda anba mwen. Mwen di a youn ‘ale’, li ale, e a yon lòt ‘vini’, e li vini, epi a esklav mwen ‘Fè sa’ e li fè l.”


Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’


Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.


Men lè Simon Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: “Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!”


Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite