Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Matye 8:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Epi yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote l, li tonbe ajenou devan Jezi, li di l konsa: — Mèt, si ou vle, ou kapab geri mwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Yon nonm ki t ap soufri ak maladi lèp te pwoche kote Jezi. Li lage kò l nan pye Jezi epi l di: “Mèt, si ou vle ou ka geri m!”

Gade chapit la Kopi




Matye 8:2
37 Referans Kwoze  

Mwen fèb jodi a, malgre m onksyone kòm wa. Mesye sila yo, fis a Tseruja yo twò difisil pou mwen! Ke SENYÈ a rekonpanse malfektè a selon mechanste li a.”


SENYÈ a te frape wa a pou l te gen yon lalèp jis rive jou ke li te mouri an. Epi li te viv nan yon kay apa pandan fis a wa a, Jotham te nan kay la, e t ap jije pèp peyi a.


Alò, Naaman, kapitèn lame a wa Syrie a, te yon mesye enpòtan a mèt li e li te estime anpil. Akoz li menm, SENYÈ a te bay yon viktwa pou Syrie. Anplis, mesye a te yon gèrye gran kouraj, men li te gen lalèp.


Pou sa, lalèp Naaman an ap kole sou ou avèk desandan ou yo jis pou tout tan.” Konsa, li te kite prezans li kon yon lèp blan tankou lanèj.


Lè nwaj la te kite tant lan, vwala, Marie te gen lalèp, blan tankou lanèj. Epi lè Aaron te gade, alò, Marie te gen lalèp.


Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis.


Li pa t fè anpil mirak la akoz ke yo pa t kwè.


Sila ki te nan kannòt yo te adore Li. Yo te di: “Anverite, Ou se Fis Bondye a!”


Men fanm nan te vin bese devan Li, e te di: “Senyè, ede m!”


“Konsa, esklav la vin tonbe atè pwostène devan li, e te di: ‘Gen pasyans avè m e m ap peye ou tout.’


Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami.


Manman a fis Zébédée yo te vin kote L avèk fis li yo. Li te bese devan L pou mande L yon favè.


Alò, lè Jésus te Béthanie nan kay a Simon, lepre la,


Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.


Pandan yo t ap w ale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo. Yo te vin kote l, te kenbe pye Li, e te adore L.


Li te di Li: “Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen.”


Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li.


Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”


Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”


Epi te gen anpil lèp an Israël nan tan pwofèt Élie a, men okenn pa t pirifye, men sèlman Naaman, yon Siryen.”


Li di: “Senyè, mwen kwè!” E li te adore Li.


Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”


Lè Pierre te antre, Corneille te rankontre li, e te tonbe nan pye li pou adore li.


Sekrè a kè li vin devwale, e konsa li va tonbe sou fas li pou adore Bondye e deklare ke Bondye an verite pami nou.


Answit, mwen te tonbe nan pye li pou adore li. Men li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy ak ou, e frè ou ki kenbe temwayaj a Jésus a. Adore Bondye, paske temwayaj a Jésus a se lespri pwofesi a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite