Matye 8:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen11 Konsa, Mwen di nou ke anpil moun va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la; Gade chapit la1998 Haïtienne11 Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va sòti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil11 M ap di nou yon bagay ki pi enpòtan toujou: “Gen moun k ap soti toupatou nan lès ak nan lwès pou vin chita manje ak Abraram, Izaak epi Jakòb nan wayòm syèl la. Gade chapit la |