Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Matye 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, li te di Li: “Si Ou menm se Fis Bondye a, jete kò Ou anba, paske sa ekri: ‘L ap bay zanj Li yo lòd de Ou menm, e ‘ak men yo, y ap bay Ou soutyen pou ke Ou pa ta menm frape pye Ou kont yon wòch’”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Li di Jezi konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, lage tèt ou anba. Paske men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo, pou pa frape pye ou nan okenn wòch.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Li di Jezi: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske Bib la di: L ap bay anj li yo lòd pou yo veye sou ou. Epi y ap pote w nan men yo, pou pye w pa frape nan wòch.”

Gade chapit la Kopi




Matye 4:6
9 Referans Kwoze  

Èske Ou pa t fè yon kloti antoure li avèk lakay li avèk tout sa li genyen sou chak kote? Ou te beni zèv men li yo, e byen li grandi anpil nan peyi a.


Paske ou va fè alyans ak wòch chan yo, e bèt sovaj yo va anpè avèk ou.


Li konsève tout zo li yo. Pa menm youn nan yo va kase.


Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo, epi li sove yo nan gwo twoub.


Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.


Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè.


Èske tout zanj yo se pa lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite