Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Matye 26:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 yon fanm te vin kote L avèk yon bokal pòslèn plen avèk pafen ki te trè chè. Li te vide li sou tèt Jésus, pandan Li te sou tab la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 yon fanm pwoche kote li. Li te vin ak yon boutèy pòslèn plen bon losyon koute chè. Pandan Jezi chita bò tab la, fanm lan vide tout losyon an sou tèt li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 yon dam ki te gen yon boutèy pafen byen chè nan men l te pwoche bò kote Jezi, epi li vide pafen an sou tèt li pandan l t ap manje.

Gade chapit la Kopi




Matye 26:7
12 Referans Kwoze  

Alò, Élisée, pwofèt la, te rele youn nan fis a pwofèt yo. Li te di li: “Mare senti ou e pran bokal lwil nan men ou pou monte Ramoth-Galaad.


Se tankou lwil presye ki koule sou tèt, vin desann jis sou bab, menm bab Aaron, vin desann rive sou kote vètman li.


Mouch mouri bay lwil pafen yon move odè; Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa pou depase sajès ak respè.


Kite tout vètman ou yo rete blan tout tan, e pa kite lwil la manke sou tèt ou.


Lwil pafen ou yo santi bon. Non ou menm se tankou lwil kap vide; se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.


Ou te ale kote wa a ak lwil, e ou te ogmante pafen ou yo; ou te voye mesaje ou yo rete lwen, e te degrade ou menm jis rive nan Sejou mò yo.


Men disip yo te mekontan lè yo te wè sa. Yo te di: “Poukisa l ap fè gaspiyaj konsa?


Pandan Li te Béthanie lakay Simon, lepre a, e yo te chita sou tab la, yon fanm te vini avèk yon bokal alabat ranpli avèk nard, ki te koute byen chè. Fanm nan te kraze bokal la, e te vide li sou tèt Jésus.


Ou pa t onksyone tèt Mwen avèk lwil, men li te onksyone pye Mwen avèk pafen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite